Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ameriken an, Donald Trump Di li Gen Konfyans nan Konseye Sekirite Nasyonal li a Alòske Plizyè Senatè Demokrat Ap Reklame Revokasyon l


Konseye sou Sekirite Nasyonal Etazini an, Michael Flynn
Konseye sou Sekirite Nasyonal Etazini an, Michael Flynn

Senatè Demokrat yo nan Kongrè Lèzetazini an mande pou ouvè yon enkèt yon fason pou detèmine si wi ou non Konseye Sekirite Nasyonal Mezon Blanch lan, Michael Flynn, te pale nan telefòn ak anbasadè ris la isit nan Washington pou diskite sou sanksyon Etazini te pran kont peyi Larisi avan administrasyon Trump lan te antre anfonksyon.

Jounal Washington Post ak New York Times, pibliye yon atik nan dat 10 fevriye 2017 kote yo rapòte, "Konseye sou Sekirite Nasyonal Etazini an, Michael Flynn, te pale nan telefòn ak anbasadè ris la sou sanksyon administrasyon Prezidan Obama a te enpoze sou Larisi poutèt li te mele nan zak piratri pandan eleksyon Amerikèn yo." Bò kote pa l Lamezon Blanch demanti enfòmasyon sa a ki fè konpran konvèzasyon an te chita sou kesyon sanksyon an.

Sepandan, 9 moun ki pa vle non yo site, men ki ta sanble swadizan ak otorite gouvènmam kounye a ak gouvènmam pase a, di jounal Washington Post, Mesye Flynn ak anbasadè ris la, Sergey Kislyak, te abòte kesyon sou sanksyon an.

Prezidan Trump ki te pale ak jounalis abò avyon Air Force One nan menm vandredi a di li pa okouran de rapò ki fè kwè Mesye Flynn te pale sou sanksyon kont Larisi a nan konvèzasyon li te genyen ak anbasadè ris la. Prezidan Donald Trump an di li pral chache gen plis enfòmasyon sou dosye sa a. Sepandan li deklare li gen konfyans nan konseye sekirite li a, Michael Flynn.

Plizyè Senatè Demokrat ap mande pou ovri yon ankèt sou dosye alòske kèk lòt ap ekzije revokasyon Mesye Flynn.

XS
SM
MD
LG