Accessibility links

Breaking News

Etazini, Japon, ak Ostrali Eksprime Kè-Sote sou Konfli Kap Dewoule Sou Kot Sid Lanmè Lachin nan

Minis afè etranjè yo kap bat bravo apre yo te fin pran yon foto an gwoup pandan 7èm Somè pou Minis Afè Etranjè yo kap dewoule an Azi nan 50èm rankont Ministeryèl ASEAN, nan Maniy, Filipin. 7 out 2017.

Lèzetazini, Japon ak Ostrali di yo gen kè-sote sou mezantant ki makonen ak lanmè meridyonal Lachin nan, e yo lanse yon apèl pou mete fen nan reklamasyon teren ak aksyon militè kap dewoule nan rejyon an, paske sa byen kapab ogmante tansyon epi kreye kèk dega anviwonmantal nan rejyon an.

3 peyi yo pibliye yon kominike konjwen apre sekretè deta ameriken an, Rex Tillerson, minis afè etranjè ostralyen an, Julie Bishop, e minis afè etranjè Japon an, Taro Kono, te rankontre nan koulis fowòm ekonomik Azi Sidès la kap dewoule nan vil Maniy, kapital Filipin.

3 chèf diplomasi yo mande pou Lachinn ak Filipin respekte desizyon yon tribinal arbitaj te deja emèt sou kesyon an ane pase.

XS
SM
MD
LG