Accessibility links

Breaking News

Etazini Kontinye Ede Ayiti ak Anket Sou Asasina Prezidan Moise la


Etazuni Kontinye Ede Ayiti ak Anket Sou Asasina Prezidan Moise la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:54 0:00

Etazuni Kontinye Ede Ayiti ak Anket Sou Asasina Prezidan Moise la

Nan moman kote moun ap mande sakap pase ak anket sou asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise, Lavwadlamerik pale ak Ricardo Zuniga - Anvwaye Espesyal Depatman Deta pou Triyang No a nan Biwo kap travay sou zafe Emisfe Oksidantal la. Koleg nou, Cristina Caicedo Smit mande misye kisa kap pase ak anket sou asasina a.

Misye Zuniga di VOA "Sa nou genyen se yon pwomes bo kote Etazuni pou'n kontribye a anket la an kolaborasyon ak otorite Ayisyen yo. Sak enpotan pou lavni se ke fok se yon jefo Ayisyen. Ke Ayisyen dirije'l e fe li pou pep Ayisyen an. Se sak pi enpotan. Donk pou noumenm Lezetazuni ansanm ak patne nou nan kominote entenasyonal la, nou pral fe tout sa nou kapab pou ede otorite ayisyen yo pouse pou pi devan ak pwosesus sa a."

Lavwadlamerik mande Misye Zuniga tou, si Prezidan Biden gen entansyon envite Premye Minis Ariel Henri vinn rankontre'l nan Mezon Blanch la.

Misye Zuniga reponn "Pou kounyea, nouvo premye minis la e noumenm Lezetazuni n'ap konsantre atansyon nou sou kriz Ayiti ap travese kounyea. Donk li kle ke nou dwe kole tet ansanm pou soulaje e amelyore kondisyon lavi popilasyon Ayisyenn nan. Se sou sa nap konsantre kounyea."

Misye te pale tou de asistans Etazuni ap bay Ayiti apre tranbleman te a. Nou va vini ak plis detay Mekredi 25 Out la.

*Repote VOA Espayol, Cristina Caicedo Smit kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG