Accessibility links

Breaking News

Etazini: Kantite Moun ki fè Aplikasyon pou Benefis Chomaj Ogmante


Amazon-New HQ-Pennsylvania
Amazon-New HQ-Pennsylvania

Kantite moun ki fè premye aplikasyon pou benefis chomaj nan Etazini ogmante sanzatann semèn pase a.

Li rive nan nivo ki pi wo depi mitan mwa novanm, sa ki endike ke gen kèk patwon ki petèt voye anplwaye yo chita lakay yo nan moman varyan Omicron koronavirus la ap ogmante nan tout peyi a e diminye operasyon kèk biznis.

Depatman travay la fè konnen jedi ki sot pase a, 230 mil moun te aplike pou benefis chomaj 23 mil anplis pase semèn anvan an, men chif sa a toujou pi ba pase 256 mil yo te anrejistre nan mitan mwa mas 2020 an lè koronavirus la te anvayi Etazuni pou premye fwa, kote biznis yo te komanse voye moun chita lakay yo pa santèn e pa milye.

Pou pifò, biznis yo kenbe travayè yo e yap chache plis toujou nan moman ekonomi Etazuni an kontinye ap rekanpe sou pye anba pandemi koronavirus la.

Pousantaj moun ki nan chomaj te desann nan mwa desanm pase nan 3 vigul 9 pousan, pa tèlman pi wo pase 3 vigul 5 pousan yo te anrejistre, nivo ki pi ba depi 5 dizen lane, anvan pandemic an te destabilize pi gran ekonomi mondyal la.

Anpil biznis ap chache plis anplwaye, malgre apeprè 6 vigul 9 milyon travayè rete san travay nan Etazuni.

XS
SM
MD
LG