Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta, John Kerry, Di ki sa Etazini Panse ki Nesesè pou yon Akò Lapè Ant Izrayèl ak Palestin


Sekretè Deta Ameriken an, John Kerry, pandan diskou li sou konfli ant Izrayèl ak Palestin nan State Department nan Wachinton. (Foto: AP 28 desanm 2016)
Sekretè Deta Ameriken an, John Kerry, pandan diskou li sou konfli ant Izrayèl ak Palestin nan State Department nan Wachinton. (Foto: AP 28 desanm 2016)

Chèf Diplomasi peyi Etazini, John Kerry, eksplike rezon ki fè Etazini asteni li nan vòt Nasyon Zini an kont konstriksyon koloni pèpleman Izrayelyen nan teritwa Palestinyen yo.

Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, bay detay, jodi mèkredi a 28 desanm 2016 la sou mach-a-swiv ki ta nesesè pou yon posib akò lapè ant peyi Izrayèl ak Palestinyen yo, pandan li lanse avètisman pou l di: Solisyon ki mande egzistans 2 eta kot-a-kot la, se yon solisyon ki an danje jounen jodiya."

Chef diplomasi amerikèn nan pwononse li nan yon diskou inèdtan nan Depatman Deta a, isit Washington, kote li defann you desizyon Lèzetazini te pran pou l asteni li kidonk pou l pa vote nan yon seyans Konsèy Sekirite Nasyon Zini te òganize semèn pase a, kote manm yo te adopte yon rezolisyon ki kondane koloni pèpleman Izrayèl enstale sou teritwa palestinyen li okipe yo.

Misey Kerry deklare, "Objektif rezolisyon sa a, se pou prezève e pwoteje solisyon ki mande egzistans 2 Eta yo; e vòt nou an ann akò avek prensip ameriken yo."

An menm tan tou, Misye Kerry rejte kritik kap di komkwa, avek abstansyon sa a, Lèzetazini trayi yon alye fidèl, an palan de Izrayèl. Li ajoute : "Sa nap defann, se avni Izrayèl kom yon Eta Jwif e demokratik."

XS
SM
MD
LG