Accessibility links

Breaking News

Etazini: John Bolton Vle Jwenn Kèk Garanti Anvan Twoup Amerikn yo Kite Siri


Yon sòlda ameriken ki sou yon cha degè nan Siri. (Foto: AP/Hussein Malla)
Yon sòlda ameriken ki sou yon cha degè nan Siri. (Foto: AP/Hussein Malla)

Konseye sekirite nasyonal administrasyon Trump la, John Bolton, gen poul fè chita-pale nan Latirki jodi lendi 7 janvye 2019 la a nan moman Etazini bay asitans komkwa fòs tirk yo pa pral sible konbatan kurd ki alye ak militè ameriken yo.

Vizit nan Latirki a vini yon jou apre Mesye Bolton te fin di pwoteksyon pou fòs kurd yo ki te ede desitire gwoup eta islamik la nan Siri, se youn nan kondisyon nesesè pou lame ameriken nan kapab fè retrè nan Siri.

Nan dat 19 desanm 2018, Prezidan Trump te neglije konsèy sekirite nasyonal yo nan Mezon Blanch lè li te pran desizyon pou l te anonse retrè twoup ameriken yo nan Siri., yon sitiyasyon ki te fòse Minsi defans la, Jim Mattis, demisyone.

XS
SM
MD
LG