Accessibility links

Breaking News

Sekretè Sekirite Tèritoryal Etazini Jeh Johnson Pase Lòd Pou Rekòmanse Depòte Ayisyen


Sekretè Sekirite Tèritoryal Etazini an Jeh Johnson
Sekretè Sekirite Tèritoryal Etazini an Jeh Johnson

Apre tranblemann tè trajik 12 Janvye 2010 la ann Ayiti, ajans kap fè respekte lwa Imigrasyon ak Ladwàn Etazini (ICE) te kanpe tanporèman sou depòtasyon Ayisyen.

Yon nòt pou laprès ki sòti nan Depatman Teritoryal Etazini an nan dat 22 septanm 2016 la fè konnen ajans kap fè respekte lwa Imigrasyon ak Ladwàn Etazini (ICE) te anonse li pwal rekòmanse depòte sou yon baz limite Ayisyen ki resevwa lòd final depòtasyon e ki anba kondanasyon pou yon krim grav, oubyen Ayisyen ki reprezante yon menas pou sekirite nasyonal Etazini. Depi dat sa a pou rive jounen jounen jodia, sityasyon an ann Ayiti amelyore ase pou pèmèt gouvènman Etazini an depòte Ayisyen sou yon baz pi regilye, jan li konn depòte sitwayen lòt nasyon.

Chèf Depatman Sekirite Tèritoryal Etazini an Jeh Johnson deklare, nap site : Jodia mwen bay lòd pou koumanse imedyatman aplike desizyon ki konsène sitwayen ayisyen menm jan nou konn fè pou sitwayen lòt nasyonalite, selon nòt ke mwen te pibliye nan dat 20 Novanm 2014, ki te gen tit «Politik pou arete, Mete nan prizon, e Depòte Imigran san Dokiman Legal.»

Desizyon sa yo vize dabò depòtasyon moun ki anba kondanasyon kòm kriminèl, moun ki anba kondanasyon pou yon ti krim ki gen enpòtans oubyen plizyè ti krim, ak moun ke nou te arete nan yon pòt antre peyi a oubyen plizyè pòt antre pandan yo t ap chache antre nan peyi Etazini ilegalman.

Ann akò ak lwa nou, moun ki moutre yon perèz pou retounen ann Ayiti, yo pwal pase devan yon ofisye azil nan Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon (USCIS) ki pwal analize ka yo pou detèmine si yo gen yon perèz ke nou ka kwè, kòmkwa yo ka sibi pèsekisyon oubyen zak maspinay si yo retouen nan peyi yo.

Moun sa yo ke nou detèmine kòmkwa yo gen yon perèz ke nou ka fè konfyans, nou pwal voye yo devan tribinal imigrasyon ki responsab depòtasyon, kote yo ka aplike pou azil oubyen lòt fòm soulajman.

Chanjman sa a pa konsène sitwayen ayisyen ki déjà genyen Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS). Espesyalman Ayisyen sa yo ki te kontinye rete ozetazini depi 12 Janvye 2011 e ki kounye a gen TPS, yo ka rete nan peyi Etazini e yo pap sou depòtasyon. Moun ki gen TPS kontinye a kontinye rete elijib pou otorizasyon kap pèmèt yo travay nan peyi Etazini. Nou pwolonje stati TPS la pou sitwayen ayisyen ki déjà genyen l yo jiska 22 Jiyè 2017.

DHS (Depatman Sekirite tèritoryal Etazini an) pwal kontinye ankouraje sitwayen ayisyen chache mwayen ki ofri sekirite nan lòd pou yo antre kòm imigran nan peyi Etazini, e pami mwayen sa yo gen pwogram Reyinifikasyon Familyal pou Ayisyenn an, ki pèmèt sa yo ki te gen yon petisyon apwouve sou baz fanmi antre ozetazini anviwon 2 lane anvan dat priorite viza yo a rive.

DHS Depatman sekirite tèritoryal Etazini an ak Depatman Deta ap travay ak gouvènman Ayisyen an ak kèk lòt patnè kle pou rekòmanse depòtasyon ayisyen yo, e nap fè tout efò posib pou fè depotasyon yo yon fason imen ak mwens latwoublay posib.

Se te yon nòt pou laprès ki soti nan Depatman Sekirite Tèritoryal Etazii an, yon ajans ki gen kesyon imigrasyon, antwot, sou kont li.

Klike sou lyen anba atik la pou ou tande vèswyon odyo nòt pou laprè la avèk Ronald César.
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:23 0:00

XS
SM
MD
LG