Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Kous Prezidansyèl la Toujou Rete Sere ant 2 Kandida Alaprezidans yo


Donald Trump kandida pati Repibliken an (agoch)
ak kandida pati Demokrat la Hillary Clinton (adwat)
Donald Trump kandida pati Repibliken an (agoch) ak kandida pati Demokrat la Hillary Clinton (adwat)

Pandan se 1 jou sèlman ki manke pou eleksyon yo dewoule isit Ozetazini, 2 kandida alaprezidans yo, Hillary Clinton pou pati Demokrat ak Donald Trump pou pati Repibliken, mennen kanpay pandan wikenn nan pou mobilize elektè ki pako deside yo e pou rasanble baz yo pou ankouraje yo al vote nan madi 8 novanm 2016, jou ofisyèl pou vòt la.

Sipòtè Hillary Clinton yo , 5 Nov.2016, nan Pembroke Pines, Florid
Sipòtè Hillary Clinton yo , 5 Nov.2016, nan Pembroke Pines, Florid

Vedèt jwè basket-ball ekip Cavaliers, Lebron James te fè kanpay ak kandida demokrat la dimanch 6 novanm lan nan Cleveland, Ohio. Eta Ohio se youn nan chann batay enpòtan Madan Clinton ta renmen pran nan men Misye Trump. Trump gen plis vwa pase Clinton nan sondaj ki soti avan eleksyon yo nan eta sila a. Super Star NBA a, ki te anonse andòsman li pou Madan Clinton mwa pase a, fè konnen li deja jete bilten vòt li.

“ Mwen konnen ki moun mwen ye e kilès mwen ap apiye kòm prezidan e tout moun gen dwa fè chwa yo vle,” Lebron James fè deklarasyon sa a samdi avan match kont rival li Philadelphia 76ers. Super Star ekip Cavaliers a kontinye pou l di, “Li espere tout moun konprann enpòtans elesksyon prezidansyèl sila a.

Lòt enfòmasyon fè konnen Hillary Clinton te mennen kanpay nan eta New Hampshire yè dimanch lan.

Kandida pati Repibliken an pou pòs Prezidan Lèzetazini, Donald Trump. 5 Novanm, 2016
Kandida pati Repibliken an pou pòs Prezidan Lèzetazini, Donald Trump. 5 Novanm, 2016

Donald Trump bò kote pa l te gen yon orè byen chaje. Li te gen plan vizite zòn ki dapre tradisyon an konn vote plis pou demokrat. Epi Machin kanpay Trump lan te fè yon kanpe nan Iowa, Minnesota , Michgan, Pennsylvania ak Virginia.

Samdi 5 novanm lan, Trump te pentire yon tablo somb pou l montre ak kisa peyi Lèzetazini ap sanble si se advèsè li a ki vin prezidan tandiske Madam Clinton kontinye kanpay li avèk yon diskou inite pou l di elektè yo, “Nou pi fò ansanm.”

Trump deklare, “si madam sa a ta genyen eleksyon an peyi pral tonbe nan yon kriz konstitisyonèl, yon bagay moun pat janm wè avan. Misye Trump kontinye pou l di, “Devan yon sityasyon konsa, nou kapab gen yon prezidan ki pral gen pou l kontinye reponn kesyon lajistis akoz zak yo repwoche li e sa pral ralanti gouvènman an tankou nou kapab wè jan sa ye a sou Prezidan Obama.” Fen sitasyon.

Trump te vle pale de ankèt FBI te anose ke yo relouvri sou dosye imel Madam Clinton kèk jou avan dewoulman eleksyon an.

Pati nan lèt 6 Novanm, 2016 la direktè FBI la James Comey te voye bay Kongrè Ameriakan pou l di envestigatè yo pa jwen okenn prèv ki montre aktivite kriminèl nan dènye gwoup imèl yo te jwenn ki gen rapò ak Hillary Clinton lè li te sekretè deta.
Pati nan lèt 6 Novanm, 2016 la direktè FBI la James Comey te voye bay Kongrè Ameriakan pou l di envestigatè yo pa jwen okenn prèv ki montre aktivite kriminèl nan dènye gwoup imèl yo te jwenn ki gen rapò ak Hillary Clinton lè li te sekretè deta.

Men nan dimanch, Direcktè FBI James Comey voye yon lòt lèt bay Kongrè Ameriken an pou l di envestigatè yo pa jwenn okenn prèv ki montre aktivite kriminèl nan dènye gwoup imèl yo te jwenn ki gen rapò ak Hillary Clinton lè li te sekretè deta.

Samdi maten, Madam Clinton te pase anpil tan ap fè kanpay nan Florid ki toujou yon eta empòtan nan eleksyon prezidansyèl yo. Nan lane 2000 kantite vòt chak kandida yo te tèlman pre youn ak lòt ke te gen dout sou kilès ki te genyen eleksyon nan eta sila. Desizyon final la te soti nan kou siprèm Etazini an ki te pran desizyon pou l di se Georges W. Bush ki genyen sou rival li, vis prezidan Democrat Al Gore.

Hillary Clinton te parèt nan kapay li nan Miami avèk Sybrinan Fulton ki se manman Trayvon Martin. Martin se yon adolesan nwa ke yon vwazen blan te touye nan ane 2012 nan yon katye nan Miami. Lajistis te libere blan sa a paske yo te kwè nan temwayaj li kòmkwa li te tire Martin paske lavi li te andanje. Ka Trayvon Martin nan lakoz anpil moun ap mande refòm nan sistèm jistis la Ozetazini.

Katy Perry, kenbe men kandida pati Demokrat la pou pòs Prezidan Lèzetazini, Hillary Clinton. 5 Novanm, 2016, nan Philadelphia.
Katy Perry, kenbe men kandida pati Demokrat la pou pòs Prezidan Lèzetazini, Hillary Clinton. 5 Novanm, 2016, nan Philadelphia.

Nan Samdi apre midi, nan yon konsè Katy Perry tap fe anfavè li nan Philadelphia, Hillary Clinton te pran lapawòl pou di gen 37.5 milyon moun ki deja vote anvan dat eleksyon an.

Kous prezidansyèl la toujou rete sere. Dapre Washington Post-ABC Tracking Biwo byen bonè nan Dimanch, Madam Clinton kenbe aviwon 5 pousan avans sou Trump.

XS
SM
MD
LG