Accessibility links

Breaking News

Donald Trump Eli 45èm Prezidan Etazini


 Nouvo Prezidan eli peyi Etazini a, Donald Trump
Nouvo Prezidan eli peyi Etazini a, Donald Trump

Milyadè Donald Trump se venkè eleksyon prezidansyèl 2016 la Ozetazini. Li ranpòte yon viktwa sipriz, preske pèsonn moun pa tap tann, sou kandida demokrat la, ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton.

Vè 2 zè di maten (lè Washington ak Ayiti), tout gwo ajans nouvèl ak chèn televizyon nan peyi a te deklare Misye Trump --ki gen 70 zan- venkè eleksyon an apre yo te rekonèt se li ki ranpòte Eta Wisconsin --sa ki te ba li plis pase 270 vòt elektoral li te bezwen pou l tounen pwochen prezidan Lèzetazini.

Prezidan eli Lèzetazini an, Donald Trump, ki te kanpe ak pititgason li, Barron, epi madanm li, Melania, apre li te fin pwononse diskou viktwa nan katye jeneral Pati Repibliken an nan Manhattan, New York. (Foto: Mèkredi 9 novanm 2016).
Prezidan eli Lèzetazini an, Donald Trump, ki te kanpe ak pititgason li, Barron, epi madanm li, Melania, apre li te fin pwononse diskou viktwa nan katye jeneral Pati Repibliken an nan Manhattan, New York. (Foto: Mèkredi 9 novanm 2016).

Donald Trump monte sou sèn nan nan katye jeneral pati nan New York, ak manm fanmi li bò kote l, pou te pwononse diskou viktwa li nan eleksyon prezidansyèl la Ozetazini. Misye Trump deklare:

"Sekretè Deta Hillary Clinton fèk rele m nan telefòn pou l felisite nou pou viktwa nou ranpòte nan eleksyon yo e kòm nouvo Prezidan Lèzetazini. Mmwen felisite Madam Clinton ak fanmi li. Hillary Clinton se yon fanm fanyan; li te travay di pandan tout kanpay elektoral la. Nou dwe genyen li rekonesans pou sèvis li rann peyi a. Kounyela, se moman pou nou ini nou pou byen Lèzetazini..."

Nan mitan mwa desanm nan, Kolèj Elektoral la gen pou reyini pou konfime viktwa Misye Trump la; e nan dat 20 janvye 2017, li pral prete sèman kom 45èm prezidan ameriken. Lap ranplase Demokrat Barack Obama ki pase 2 manda nan La Mezon Blanch.

XS
SM
MD
LG