Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Hillary Cinton ak Donald Trump Ranfòse Pozisyon yo nan Tèt Kous la


Kandida repibliken Donald Trump (agoch) ak kandida demokrat Hillary Clinton nan sware madi 26 avril 2016 la apre anons viktwa yo nan eleksyon primè yo (Trump: 5 eta sou 5; Clinton: 4 sou 5).
Kandida repibliken Donald Trump (agoch) ak kandida demokrat Hillary Clinton nan sware madi 26 avril 2016 la apre anons viktwa yo nan eleksyon primè yo (Trump: 5 eta sou 5; Clinton: 4 sou 5).

Ozetazini, kandida repibliken pou plas prezidan an, Donald Trump, ranpòte tou lè 5 eta ki òganize eleksyon primè nan jounen madi 26 avril 2016 la --swa Eta Pennsilvani, Maryland, Delaware, Connecticut ak Rhode Island-- tandiske kandida demokrat Hillary Clinton ranpòte 4 sou 5 (paske majorite elektè yo nan eta Rhode Island vote pou rival li a, Bernie Sanders.

Donald Trump, ki tap remèsye elektè nan 5 eta li ranpòte nan dat 26 avril 2016 la.
Donald Trump, ki tap remèsye elektè nan 5 eta li ranpòte nan dat 26 avril 2016 la.

Avek viktwa sa a, Trump rive pi pre nominasyon Pati Repibliken an, paske majorite delege ki te an je nan primè madi yo vin ogmante kantite li te deja genyen an. Yon ti tan apre responsab elektoral Eta yo te anonse viktwa Donald Trump la, li te pran lapawòl devan yon gwoup patizan.

“ Peyi nou an pral retounen nan men nou ankò; nou pral fè Lèzetazini vin yon gran peyi ankò. Pou sa k konsène 5 eta ki vote pou mwen yo, se yon gran onè yo fè m. Pou mwen se pi gwo sware a jiskaprezan, paske li montre gwo divèsite ki genyen nan elektora nou an."

Nan kan demokrat la, kandida ki devan nan kous la, Hillary Clinton, ranpòte kèk gwo viktwa nan eta Maryland, Pennsilvani, Delaware ak Connecticut. Sa vin ranfòse pozisyon li pou l ranpòte nominasyon prezidansyèl Pati Demokrat la. Nan kòmansman sware madi a li te pran lapawòl nan Eta Pennsilvani devan yon gwoup patizan ak kolaboratè kap ede li mennen kanpay.

Hillary Clinton ki tap anbrase mari li, Bill Clinton, apre diskou li fè pou l rekonèt viktwa li nan 4 eta sou 5 madi 26 avril 2016 la.
Hillary Clinton ki tap anbrase mari li, Bill Clinton, apre diskou li fè pou l rekonèt viktwa li nan 4 eta sou 5 madi 26 avril 2016 la.

“Nou pral imajine yon demen kote yo onore moun ki travay di; fanmi yo jwenn apui yo bezwen; gen sekirite nan lari yo epi kominote nou yo vin pi fò. Yon demen kote lanmou va triyonfe sou lahèn.”

Rezilta eleksyon primè ki dewoule madi yo vin konsolide plas Madam Clinton ak Donald Trump nan tèt kous la pou 2 pati yo, e sa fè l vin plis posib pou se yo 2 a ki fè fas-a-fas nan final eleksyon prezidansyèl la nan mwa novanm 2016 la.

XS
SM
MD
LG