Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon : Jounal The Boston Globe Andose Kandida Jon Huntsman


Jon Huntsman (AP Photo/Douglas C. Pizac)
Jon Huntsman (AP Photo/Douglas C. Pizac)

Kandida repibliken pou pòs prezidan anOzetazini, Jon Huntsman –k ap redi pou wè si l a rete nan kous la- jwenn yon gwo apui nan men yon gwo jounal ameriken, nan moman kandida yo ap prepare yo pou eleksyon primè eta New Hampshire la ki pral dewoule madi 10 janvye 2012 la.

Jounal "The Boston Globe" anonse li andose kandidati misye Huntsman nan, paske li genyen bon jan dosye kòm yon ansyen gouvènè Eta Utha. Jounal la ekri pou l di: "Misye Huntsman se pi bon kandida pou pwofite de moman sa a nan istwa Pati Repibliken an, e li pi byen prepare pase tout lòt yo pou l vin prezidan Lèzetazini."

Nan moman kanpay la ap chofe pami 6 kandida ki rete nan kan repibliken an, ansyen gouvènè Eta Massachussets la, Mit Romney, ak ansyen senatè Eta Pennsilvani an, Rick Santorum, pa sispann lanse atak kont administrasyon Obama a.

Jedi 5 janvye a, 2 kandida yo --ki te sòti preske egal-ego nan asanble elektoral Eta Iowa a-- akize Prezidan Obama deske li wete Lèzetazini sou wout tradisyonèl kote li te yon peyi ki responsab tout afè li (ki pa t depann de lòt nasyon pou anyen), menm jan yo di prezidan an ap chache detui tradisyon lib antrepriz la.

XS
SM
MD
LG