Prezidan Etazini an, Barack Obama, dwe siyen nan jounen an yon lwa ki anvizaje frape Iran nan domèn enèji e finansye akoz pwogram nikleyè Repiblik Islamik la. La Mezon blanch fè konnen msye Obama pral siyen “lwa sanksyon an” ki vize sektè enèji ak sektè bankè Iran an jou 1er jiyè 2010 la. Semèn pase a, Kongrè Etazini an te apwouve mezi sa yo ki entèdi konpayi kap vann pwodwi petwolye rafine nan Iran fè bizniss sou mache ameriken an. Lwa a entèdi tou bank etranje k ap fè biznis ak enstitisyon enpòtan iranyen oubyen ak gàd revolisyonè Iran an gen aksè nan system finansye ameriken an.