Accessibility links

Breaking News

MPP: Etazini Dakò pou Fòse Migran yo Tann Vèdik yo Nan peyi Meksik


Mexico US Border Migrants
Mexico US Border Migrants

Reyaksyon ap miltipliye apre Etazini anonse ke lap rekòmanse ak pwogram (MPP) yon pwotokòl pwoteksyon pou migran kap chache azil Ozetazini ki rele All Tann o Meksik.

Responsab mezon refij yo pa dakò ak anons etazini fè pou l di l ap obeyi lòd yon jij pase l pou l rekòmanse pwogram pou fòse migran ki vinn mande azil sou fwontyè a retounen vinn tann o Meksik.

Militan sa yo tankou direktè mezon refij Juventud 2000 Jose Garcia eksprime enkyetid yo pou kantite demandè azil yo pa anvayi vil fwontalyè yo. Jiska jodi a pat gen oken rankont ki fèt sou kesyon an. Nou pa konnen pou ki rezon, yo te dwe òganize yon rankont pou di n y ap rekòmanse pwogram MPP a pou imigran yo vinn tann Omeksik ann atandan yon jij analize demand azil yo.

Garcia ajoute pifò mezon abri nan Tijuana ranpli ak 90 pou 100 donk li pwobab pap gen plas pou ebèje nouvo migran ki gen pou viniy o.

Gouvènman meksiken an anonse li dakò pou pwogram nan rekòmanse.

Pwogram nan kapab kòmanse nan yon sèl pò d'antre pwobableman lendi 6 desanm nan avan li etannn li nan 7 lòt pò dantre ki egziste ant Etazini ak Meksik. Direktris Hope Border Institute la, Marisa Limon, deklare "renouvèlman pwogram sou fwontyè sid peyi a se yon desepsyon nou vrèman desi.

Otorite ameriken yo di kantite tan migran yo voye al tann Omeksik la pap depase 6 mwa. Administrasyon an anplwaye 22 jij pou analize demand Azil yo k ap dewoule nan pò dantre sa yo San Diego, Calexico, Nogales, El Paso, Eagle Pass, Laredo ak Brownsvil.

Esmeralda bravo yon imigran ki soti nan el salvador deklare li gen 22 jou depi l ap viv isit la nan ciudad juarez. pase tout tan sa a isit la fè w santi w dezespere. nou gen ti moun e n ap viv isit la san fanmi n. li difisil pou rete isit la pou yon lòt 6 mwa.

XS
SM
MD
LG