Accessibility links

Breaking News

Etazini Arete Christopher "Dudus" Coke


Nan yon tribinal Nouyòk vandredi 25 jen an, swadizan gwo bawon dwòg jamayiken, Christopher "Dudus" Coke, plede li pa koupab akizasyon otorite ameriken yo lade sou tèt li e ki di li ta mele nan trafik zam ak dwòg. Coke ap fè fas a yon santans prizon a vi Ozetazini si la jistis jwenn li koupab. Otorite jamayikèn yo te remèt Coke bay lapolis amerikèn jedi 24 jen an nan Kingston e yo anbake misye Ozetazini pou l vin jije Nou. Yo pimpe Coke isit Ozetazini yon mwa apre lapolis te lage yon koukouwouj pou mete men sou li e ki te lakòz gwo vyolans nan Jamayik e ki te detwi lavi omwen 73 moun nan kapital Jamaik la, Kingston.

Christopher Coke di li gen konfyans y ap akite l e y ap pèmèt li tounen lakay li, Jamayik, pou l al jwenn fanmi l.

XS
SM
MD
LG