Accessibility links

Breaking News

Etazini Anonse Restriksyon Viza Kont Kèk Oifisyèl Kiben


FILE - In this file photo taken on July 11, 2021, people take part in a demonstration against the government of Cuban President Miguel Diaz-Canel in Havana.
FILE - In this file photo taken on July 11, 2021, people take part in a demonstration against the government of Cuban President Miguel Diaz-Canel in Havana.

Depatman Deta Ameriken an anonse nouvo restriksyon viza kont ofisyèl Kiben yo. Washington site kom rezon ke Lahavàn kontinyè ap fè represyon sou opozisyon an.

Nan yon deklarasyon Sekretè Deta ameriken an Antony Blinken te di ke yo entèdi nèf gwo ofisyèl nan Ministè Enteryè Kiba a ak fòs lame Kiba a mete pye sou tetirwa ameriken an ankò, apre ke yo te "komèt" zak represyon sou jounalis ak aktivis ki te rasanble pou manifestasyon anfavè demokrasi nan mwa novanm lan .

Plan pou yon "Mach sivik pou Chanjman" nan dat 15 novanm lan pat rive fet apre ke gouvènman Kiben an te arete plizyè aktè nan opozisyon an, epi antoure kay òganizatè manifestasyon yo dapre sa jounal Reuters rapòte. Vil Kiben an te rete trankil jou sa a malgre apèl ki tap fet sou rezo sosyal pou rasanble pep la pou pran lari kont Prezidan Miguel Díaz-Canel.

U.S Secretary of State Antony Blinken gives a speech on U.S.-Africa policy at the Economic Community of West African States in Abuja, Nigeria, Nov. 19, 2021.
U.S Secretary of State Antony Blinken gives a speech on U.S.-Africa policy at the Economic Community of West African States in Abuja, Nigeria, Nov. 19, 2021.

Nan yon deklarasyon ki te pibliye anvan manifestasyon yo, Blinken mande pou gouvènman Kiben an tande revandikasyon pèp li a. Apre fòs sekirite Kiben yo te bloke jounalis, aktivis ak òganizatè yo, pou yo pat patisipe nan mach la, yo te arete plizyè moun ki te eseye manifeste. Apre ensidan sa yo Depatman Deta te pibliye yon lòt deklarasyon, fwa sa yo te kondane "rejim " zile a.

Nouvo restriksyon viza sa yo se youn nan pi gwo sanksyon ki pi solid ke Etazini pran depi evènman 15 Novanm yo. Nan kominike Madi a, Blinken te di ke Etazini te pran sanksyon kont nèf ofisyèl paske yo tap eseye "femen bouch pèp Kiben an atravè represyon ak detansyon enjis."

Blinken te di nan deklarasyon sa tou ke "Restriksyon viza sa yo, se yon pa ann avan nan objektif nou pou nou sipòte pèp Kiben an ak ankouraje responsablite ke ofisyèl sa yo genyen, lè yo te pèmèt atak sou demokrasi ak dwa moun nan zile a". "Etazini kontinye sèvi ak tout zouti diplomatik ak ekonomik li genyen pou'l pouse libere prizonye politik yo epi pou sipòte apèl pèp Kiben an ."

Dapre Reuters an jiyè, te gen yon gwo manifestasyon kont gouvènman Kiben an. Lapolis ak fòs militè yo te arete anpil moun. Gouvènman Kiben an blame Etazini pou manifestasyon an.

Minis Zafè Etranje Kiben an, Bruno Rodríguez Parrilla, te poste sou kont twitter li Madi ke Kiba "rejte tout entèferans etranje."

Rodriguez te ekri "Etazini toujou panse ke gouvènman nou an pral pèmèt li pwovoke destabilizasyon sosyal nan Kiba", "Mezi ostil li anonse jodi a pap chanje detèminasyon nou."

XS
SM
MD
LG