Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Voye Anbasadè Robert Ford Tounen nan Siri


Anbasadè Robert Ford
Anbasadè Robert Ford

Anbasadè Etazini nan peyi Siri pral retounen nan peyi a apre l te kite pòs li, sa gen plis pase yon mwa pou rezon sekirite.

Otorite Depatman Deta yo di anbasadè Robert Ford konplete konsiltasyon ni yo nan Washington e li pral retounen Damas pita nan jounen jodi a.

Nan fen mwa d oktòb la, Etazini te raple Anbasadè Ford pou l vin Washington apre li te resevwa menas de mò poutèt li te rankontre avèk lidè opozisyon Siryen yo e li te montre apwi li pou manifestan yo.

Otorite ameriken yo di Sekretè Deta Hillary Clinton gen pwojè pou l rankontre avèk 7 egzile disidan Siryen nan Jenèv madi 6 desanm 2011 la nan kad yon jès dapwi pou mouvman opozisyon an .

XS
SM
MD
LG