Accessibility links

Breaking News

Etazini: Administrasyon Trump la Mete Plis Restriksyon pou Resòtisan Ayisyen ak Filipin Kap Tann Rezidans


Viza ameriken
Viza ameriken

Sevis ki okipe kesyon imigrasyon ak sitwayente Ozetazini, anonse nan dat 2 out 2019 la entansyon l pou l mete fen nan yon pwogram ki te pemet resotisan Ayisyen ak Filipin ki te gen demand rezidans ki apwouve pou yo, e ki te kapab antre sou teritwa ameriken an pou vin tann rezidans la o lye yo rete tan ni nan peyi yo. Avoka imigrasyon Lary Fleurantin ap pote eklèsisman sou desizyon sa a nan Justice-USA sou Lavwadlamerik Washington. Mèt Fleurantin ap reponn kesyon Ronald César.

Kèk nan kesyon Ronald Cesar te poze Mèt Fleurantin

1--Avoka Lary Fleurantin, eske ou ka explike desizyon sa a pou oditè VOA yo, e di nou ki kategori moun desizyon sa a ap afekte?

2--Met Fleurantin, ede nou konprann sa, yon moun ki te deja vini Ozetazini pou l vin tan rezidans li, men yo mete fen nan program nan avan moun sa a jwenn rezidans li. Ki sa ki ka pase moun sa a?

4--Ki konsey ou genyen pou moun ki pral benefisye pwogram sa a, aloske yo pral mete fen ladan l. Eske sa ap afekte demand rezidans yo te deja apwouve pou li a.

Klike sou lyen odyo a pou w tande repons Avoka imigrasyon Larry Fleurantin bay VOA nan mikwo Ronald Cesar sou pwogram ki te pèmèt resotisan Ayisyen ak Filipin ki te gen demand rezidans ki apwouve pou yo, e ki te kapab antre Ozetazini pou yo vin tann rezidans la olye yo ret tan ni nan peyi yo.

Avoka imigrasyon Larry Fleurantin depi Miami eta Florid Ap Reponn Kesyon VOA
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:01 0:00

XS
SM
MD
LG