Accessibility links

Breaking News

Etazini: 6 Kandida Demokrat yo Twoke Kòn yo nan yon Deba Chofe Chofe nan Las Vegas


Deba ant 6 kandida Demokrat yo nan Las Vegas, Nevada, mèkredi 19 fevriye 2020 an. Foto: REUTERS/Mike Blake.
Deba ant 6 kandida Demokrat yo nan Las Vegas, Nevada, mèkredi 19 fevriye 2020 an. Foto: REUTERS/Mike Blake.

Nan Eta Nevada, 6 kandida Demokrat yo te tope kòn yo nan yon deba chofe ki dewoule nan sware mèkredi 19 fevriye 2019 la nan vil Las Vegas, kote ansyen majistra vil New York Michael Blomberg te sibi anpil atak nan men rival li yo pandan premye rankont fas-a-fas milyadè a te genyen avek yo.

Senatè Bernie Sanders ak senatè Amy Klobuchar pat pèdi tan pou akize mesye Blomberg dèske lap eseye achte nominasyon pati Demokrat la poutèt li deja depanse prèske 400 milyon dola nan fè piblisite sou televizyon.

Misye Bloomberg pa patisipe nan eleksyon k ap dewoule nan 4 eta kote elektè Demokrat tap vote pou evantyèl chwazi kandida pati a pral seleksyone nan mwa jiyè pwochen an pou fè fas kare ak prezidan Repibliken Donald Trump kap chache yon dezyèm manda nan men pèp ameriken an.

XS
SM
MD
LG