Accessibility links

Breaking News

Etazini: Lakou Siprèm Dakò Pou l Revize Lwa Imigrasyon Eta Arizona a


Moun nan Arizona k ap pwoteste lwa imigrasyon Eta a
Moun nan Arizona k ap pwoteste lwa imigrasyon Eta a

Lakou siprèm Ozetazini dakò pou l pwononse l sou yon lwa ki soulve anpil pawòl anpil ki vize imigran ilegal nan eta Arizona ki nan sidwès peyi a.

Wòt kou de jistis la aksepte pou l revize yon desizyon yon kou dapèl federal te pran pou bloke kèk pati enpòtan nan lwa a pou l pa aplike.

Lwa Arizona a mande lapolis pou l tcheke estati imigrasyon pandan li rete yon moun pou sikilasyon woutin, lè yo arete moun oubyen lè y ap mennen lòt envestigasyon si yo sispèk yon moun nan peyi a ilegalman.

Li mande tout imigran yo pou yo mache ak dokiman yo sou yo pandan tout tan oubyen y ap kouri risk pou yo pran 30 jou prizon.

XS
SM
MD
LG