Accessibility links

Breaking News

Etazini-Mwayen Oryan: Chanjman Apwòch Washington


Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton
Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton

Pi gwo diplomat ameriken an, an palan de Sekretè Deta Hillary Clinton, fè konnen mouvman leve-kanpe ak seri pwotestasyon k ap dewoule depi kèk tan deja nan Mwayen Oryan an se yon sign ki montre rejyon sa a: “genyen devan n la a yon gwo chans pou l fè chanjman dirab”.

Se poutèt sa, daprè Madanm Clinton, administrasyon Prezidan Barack Obama a ap chanje apwòch li vizavi rejyon an, pou l santre atansyon n plis sou sitwayen yo e mwens sou gouvènman yo.

Sepandan, chèf diplomasi amerikèn an di: "fason Lèzetazini ap reyaji devan mouvman k ap reklame demokrasi nan Mwayen Oryan an, pral varye daprè sikonstans ki prezante nan chak peyi."

Li ajoute: ”Gen plizyè dizèn domèn kote pratik, teknik, ak taktik Lèzetazini pap chanje nan rejyon an, tankou lit kont rezo teworis Al-kaida-a ak fason Washington ap fè fas ak menas ke peyi Iran poze”

XS
SM
MD
LG