Accessibility links

Breaking News

Etazini - Ekonomi: Opinyon Gouvènè Bernanke


Gouvènè Rezèv Federal Etazini an (kidonk, Bank Santral peyi a), Ben Bernanke di ekonomi peyi a lwen anpil pou l ta sipòte tèt li poukont li e li ajoute li posib pou Federal la ka petét depanse plis ke 600 milya dola sou pwojè acha bon yo te anonse mwa pase a.

Nan yon entèvyou anrejistre davans e ki pase nan pwogram <<Sixty Minutes>> sou chèn televizyon CBS dimanch5 desanm 2010 la , Mesye Bernanke di lajan gouvènman an bezwen pou l konbat gwo to chomaj k ap monte san rete , si li rete konsa, sa ka lakoz yon lot ralantisman ekonomik nan peyi a.

Pwojè a fèt pou desann to denterè a lon tèm yo e ankourje plis depans pou relanse ekonomi an.

XS
SM
MD
LG