Reprezantan Sant Ameriken pou Kontwòl Maladi (CDC), Oganizasyon Mondyal Lasante OMS, Medsen San Fwontyè, responsab Ministè Sante Piblik peyi Dayiti, ak yon ONG ayisyen, GHESKIO, ap reyini vandredi 17 jen 2011 la nan Pòtoprens pou yo diskite sou yon plan vaksinasyon popilasyon an kont maladi kolera a.
Direktè jeneral Ministè Sante Piblik la, Dr. Gabriel Timothée, bay Sèvis Kreyòl la detay sou rankont sa a.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jean-Pierre Leroy ak Dr. Gabriel Timothée.