Accessibility links

Breaking News

Eske Pwochen Egzekitif la Ap Jwenn Konsansis Pou L Travay ak Palman an?


Yon manm ki gen enfliyans nan Sena ayisyen an fè konnen li gen gwo kè-sote devan posiblite pou pwochen Prezidan de la Repiblik la twouve l nan enposiblite pou l aplike pwogram gouvènman n nan, paske gwoupman politik Michel Joseph Martelly a (Repons Peyizan) pa genyen yon reprezantasyon ki fò ase nan palman an pou fè pwogram nan pase. Senatè Edmonde Supplice-Beauzil di, devan yon sitiyasyon konsa, li swete Misye Martelly va jwenn konpwomi ak konsansis ki nesesè pou l travay ak palman an, nan moman gen anpil bagay pou fèt nan yon peyi kote genyen ijans nan preske tout domèn.

XS
SM
MD
LG