Accessibility links

Breaking News

Eske Kandida INITE pou Pòs Prezidan an, Jude Célestin, ap Kite Kous la?


Eske Kandida INITE pou Pòs Prezidan an, Jude Célestin, ap Kite Kous la?
Eske Kandida INITE pou Pòs Prezidan an, Jude Célestin, ap Kite Kous la?

Yon responsab nan Pati INITE ki sou pouvwa a anonse mèkredi 26 janvye 2011 la kandida pati a nan eleksyon prezidansyèl yo, Jude Célestin, pare pou l pran desizyon pou l kite kous la.

Senatè Kelly Bastien, ki pale ak Lavwadlamerik, fè konnen Kowòdinayon Pati a deja pale klè pou l di misye Celstin ta dwe "fè retrè" kandidati li dapre sa ki di nan fen yon rankont 2 jou alatèt INITE yo te òganize sou kesyon an.

Sepandan, nan yon entèvyou prezidan KEP a (Konsèy Eektoral Pwovizwa a), Gaillot Dorsinvil, bay VOA byen ta mèkredi, li di biwo li potko resevwa okenn enfòmasyon ofisyèl sou dosye a nan men prensipal konsène a, misye Célestin. Kidonk, se yon dosye ki rete ouvè toujou.

XS
SM
MD
LG