Accessibility links

Breaking News

Eske Gen yon Kòb k ap Tann ou Nan Eta Ameriken Arkansas?


Eske Gen yon Kòb k ap Tann ou Nan Eta Ameriken Arkansas?
Eske Gen yon Kòb k ap Tann ou Nan Eta Ameriken Arkansas?

Chak ane Ozetazini, konpayi yo voye tounen bay gouvènman federal la plizyè milyon dola lajan tè moun pa reklame, sètifika aksyon moun te envesti, lajan moun kite chita labank san yo pa janm reklame yo, ak bijou moun abandone nan kòfre-fò labank, oswa mèt yo disparèt san kite adrès pou konpayi yo ka kontakte yo. Ameriken k ap viv nan mwatye sid Eta Arkansas fè yon jwèt ak afè sa a; yo rele li “the great Arkansas treasure hunt”, sa vle di Gwo chas otrezò Eta Arkansas a.

Nan mwa oktòb, chak jounal nan eta a pibliye yon seksyon espesyal sou sa. Ou pap wè okenn atik, ni foto, ni piblisite, eksepte paj apre paj ki gen sou yo non moun ki disparèt ak dènye adrès yo te genyen. Verifikatè Eta a, Charlie Daniels, ak staf li espere yon moun va rekonèt non ak adrès pwopriyetè trezò sa yo e va kontakte biwo a pou yo reklame kòb ak pwopriyete yo. Ane pase, kantite trezò tout bagay sa yo (sòti nan lajan rive nan dyaman an pasan pa zam) te monte rive 22 milyon dola nan Eta Arkansas sèlman.

Biwo verifikatè Daniels la mete kòb sa a ak tout bagay yo nan 2 gwo kòfre fò yon bank ki nan kapital Eta a, Little Rock. Yo kenbe kèk objè santimantal tou, tankou meday lame amerikèn nan te distribye pandan e apre 2èm gè mondyal la; kounyela a meday sa yo ap sikile regilyèman nan moman plizyè veteran lagè a fin mouri. Otorite konsène yo nan Eta Arkansas di tou yo abitye kenbe nan kòfre-fò fo dan ak kadav ensinere moun ki mouri.

Chak ane nan eta Arkansas sèlman, 15 mil fanmi ki antre nan chas otrezò a e ki fini pa jwenn lajan ak bagay enpòtan yo pat janm konnen yo te posede. Pa gen yon gwo lo lotri okenn kote atravè Lèzetazini –e petèt atravè lemond-- yon moun kapab konpare ak kantite kòb Chas otrezò Eta Arkansas a deja peye.

XS
SM
MD
LG