Accessibility links

Breaking News

Prezidan Peyi Tiki a, Recep Tayyip Erdogan, di aksyon Lèzetazini kont Nicolàs Maduro, se yon zak "enperyalis".


Prezidan Peyi Tiki e lidè Pati Jistis ak Devlopman (AK), Recep Tayyip Erdogan, ki t ap fè yon diskou pandan dewoulman yon rankont reprezantan pati a nan palman nan Gran Asanble Nasyonal Tiki a nan Ankara, madi 5 fevriye 2019 la.
Prezidan Peyi Tiki e lidè Pati Jistis ak Devlopman (AK), Recep Tayyip Erdogan, ki t ap fè yon diskou pandan dewoulman yon rankont reprezantan pati a nan palman nan Gran Asanble Nasyonal Tiki a nan Ankara, madi 5 fevriye 2019 la.

Prezidan Peyi Latiki a, Recep Tayyip Erdogan, akize Lèzetazini dèske l ap komèt yon aksyon “enperyalis” ak efò l ap deplwaye pou l ranvèse Prezidan venezuelyen an, Nicolas Maduro.

Nan yon mesaj Misye Erdogan mete devan Chanm Depite tik la nan dat madi 5 fevriye 2019 la, li entèpele Prezidan ameriken an, Donald Trump, e li mande li:

<< Ki dwa w genyen pou w chwazi yon lòt prezidan pou yon peyi? E kote demokrasi a ye la a? Kijan moun kapab aksepte yon bagay konsa?>>

Nan monan ni Lèzetazini ni Inyon Ewop la rekonèt lejitimite prezidan pwovizwa venezuelyen an, Juan Guadò, apui solid Prezidan Erdogan pote bay Nicolas Maduro kom prezidan an chaj peyi li, plase lidè tik la sou yon trajektwa ki pral debouche sou yon kolizyon fwontal avèk alye oksidantal li yo. Opozan Maduro yo akize li kòmkwa l ap minen sistèm demokratik la e li se dirijan yon ekonomi k ap tonbe an degraba.

Juan Guaidò (agoch); epi Nicolàs Maduro.
Juan Guaidò (agoch); epi Nicolàs Maduro.

An fèt, desizyon Inyon Ewop la pran semèn sa a pou l rekonèt Juan Guaido --e Juan Guaidò sèlman- kom lidè Venezuela, se yon desizyon ki kapab izole Maduro plis toujou. Sepandan, le fèt ke kèk lidè ewopeyen ap ezite pou yo mache nan lojik sa a, sa vin bay Maduro yon tan valab pou l mobilize patizan l yo epi boulonnen vis la plis toujou sou opozisyon an, daprè kèk obsèvatè. Se opinyon Pablo Casado, lidè pati opozisyon espayòl El Partido Popular ou PP. Misye Casado deklare:

<< Maduro te gen 12 jou pou l regwoupe l epi ranfòse represyon an nan peyi a. Se konsa gen anpil moun ki mouri nan lari, arestasyon gwo ponyèt fèt e te gen menm yon tantativ pou arete prezidan lejitim nan, Juan Guaidò. >>

Yon lòt kote, Premye minis sosyalis Espay la, Pedro Sanchez, ki t ap pale nan non Inyon Ewòp la lendi 4 fevriye pase a, te bay Maduro 8 jou pou l anonse eleksyon prezidansyèl, si non blòk la t ap rekonèt Juan Guaidò kòm prezidan pwovizwa.

Maduro te refize aksepte sa li konsidere kom “yon ultimatum” epi li itilize 2 zou 3 jou ki pase yo pou l vizite kazèn ak ganizon militè kote li ankouraje lame kontinye apiye li, puiske se la li genyen plis sipò nan peyi a. Lame a te montre trè klè ki kote li kanpe jiska madi 5 fevriye a, jou kote sòlda te anvayi lokal palman venezuelyen an ki te vote e apwouve Juan Guaidò kòm prezidan lejitim.

XS
SM
MD
LG