Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Epidemi Kolera a Diminye, Men Otorite yo Dwe Rezoud Pwoblèm Sanitasyon an


Reprezantan pouvwa ekzekitif la nan nò Ayiti, Yvon Altéon --ki t ap vizite vil Boston, eta Massachussetts-- rekonèt maladi Kolera a toujou ekziste nan rejyon Nò a, menm lè gen pwogrè nan efò k ap fèt pou trete viktim yo.

Mesye Altéon di se twòp fatra k ap degaje move odè ak dlo ki pa trete moun yo ap itilize ki fè maladi a toujou egziste. Li pale tou de yon pwogram prevansyon ki pral pèmèt diminye kantite ka moun ki atrape maladi a nan zòn nan.

Wilson Dubuisson di nou plis depi Boston.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Wilson Dubuisson.

XS
SM
MD
LG