Accessibility links

Breaking News

Epidemi Kolera a ann Ayiti: 253 moun mouri, plis pase 300 lòt enfekte


Epidemi Kolera a ann Ayiti: 253 moun mouri, plis pase 300 lòt enfekte
Epidemi Kolera a ann Ayiti: 253 moun mouri, plis pase 300 lòt enfekte

Nan peyi Dayiti, dènye nouvèl yo fè konnen kantite moun ki mouri anba maladi Kolera a kontinye ap ogmante.

Responsab lasante yo di 253 moun mouri e plis pase 3 mil lòt enfekte ak bakteri ki bay kolera a.

Gen anpil kè sote pou maladi sa a pa gaye nan kan moun deplase ki tou prè Pòtoprens yo kote plizyè santèn milye sivivan tranblemanntè mwa janvye pase a ap viv. Kè sote sa a repoze sou le fèt ke responsab yo deja detekte 5 ka nan kapital la.

Men direktè santé piblik la, Dr. Gabriel Thimoté, di dimanch 25 oktòb 2010 la kantite ka yo rapòte yo ap diminye e sanble otorite lasante yo kapab kontwole epidemi sa a.

Jiskaprezan, maladi a chita pou pifò nan rejyon Latibonit la ki nan sant Ayiti, kote yo te dekouvri premye ka maladi a semèn pase a.

Espesyalis nan jesyon katastwòf, Dr. Yves Renaud, esplike nan mikro Marie Luce Pierre danje maladi sa a ka prezante pou Dayiti.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Marie Luce Pierre ak Dr. Renaud.

XS
SM
MD
LG