Accessibility links

Breaking News

Ensekirite Anba Tant Yo Ann Ayiti


Yon gwoup k ap defann dwa refijye fè konnen reskape ayisyen yo ki pèdi kay yo kontinye ap viv nan tant sal chaje ak moun nan yon anbyans vyolan 9 mwa apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki sakaje peyi a.

Gwoup Refijye Entènasyonal la ki gen baz li nan Washington, DC fè soti jedi 7 oktòb 2010 la yon rapò kote l di aksyon imanitè Nasyonzin yo sanble paralize , e li presize plis resous ak pèsonèl ki gen eksperyans tounen yon gwo ijans pou peyi a.

Dapre Gwoup la toujou, moun ki oblije kite kote yo te rete anvan trajedi a sètoblije ap viv anba tant pandan lontan kote gen pwoblèm manje ak lòt asistans ankò ----yon reyalite ki ogmante nivo zak vyolans yo , pami yo vyolans seksyèl.

Nan yon diskou Reprezantan espesyal Nasyonzini a ann Ayiti Edmond Mullet fè mwa pase a devan Konsèy Sekirite LONU an, li di Ayiti genyen devan l toujou yon pakèt gwo defi pami yo mentni lòd nan kan yo kote ou jwen anpil vyolans seksyèl.

Ansyen prezidan ameriken an Bill Clinton , anvwaye espesyal Nasyonzini an ann Ayiti, te vizite kan yo mèkredi 6 septanm 2010 la e tande vwa rezidan yo sou plizyè kesyon tankou ensekirite , grangou ak chomaj.

XS
SM
MD
LG