Accessibility links

Breaking News

Ensekirite a Kontinye ap Kreye Pwoblèm nan Pòtoprens


Yon manifestan lanse slogan pandan li te pote drapo Ayisyen an nan yon manifestasyon kont Prezidan Ayisyen an.
Yon manifestan lanse slogan pandan li te pote drapo Ayisyen an nan yon manifestasyon kont Prezidan Ayisyen an.

Korespondan Lavwadlamerik nan Pòtoprens Matiado Vilme di nou plizyè moun pa gen kay pou yo rete apre gang ak zam te boule kay yo. Kèk moun ki abite nan Delmas 2 ak Delmas 6 di korespondan nou yo pèdi tout byen yo ansan ak kay yo.

Yon madanm di non sèlman bandi manke touye li, men tou yo pran byen li te genyen. Madanm nan di bandi yo pran tout machandiz li te genyen pou vann.

Yon lòt madanm di gang yo boule kay li e se sou chans li menm ak pitit li yo gentan kouri kite kay la pandan kay la t ap boule a.

Nan zòn Martissant, bandi piye sikisal yon bank apre yo te finn piye yon magazen ki vann pwodwi alimantè.

Chèf Police Pòtoprens la deklare “La Police ap itilize tout fòs legal yo pou yo mete men sou bandi k ap simen la troublay nan soyete a.”

XS
SM
MD
LG