Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemanntè Frape Peyi Endonezi. Bilan Pwovizwa: Omwen 90 Mò ak Plispse 200 Blese

Nan kòmansman jounen lendi 6 dout 2018 la, moun ki sinistre t ap pouse yon motosiklèt sou yon pil debri aprè soukous la te fin frape Zile Lombok nan pwovens Pemenang, nan Endonezi, . (Foto: REUTERS/Beawiharta).

Nan peyi Endonezi, yon tranblemannntè ki mezire 6.9 sou echèl Ricktè a, touye omwen 90 moun tandiske li lakòz plis pase 200 lòt blese.

Gwo soukous sa a, ki frape peyi a dimanch 5 out 2018 la, te rive nan yon pwofondè 10 kilomèt edmi anba tè nan pati nò Zile Lombok kote li te pwovoke yon sounami pandan yon tan tou kout. Moun te ka santi li tou sou Zile Gili, nan sit touristik Bali, sou Zile Sumbawa e nan kèk pa Zile Java Oryantal.

XS
SM
MD
LG