Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon nan vil OKay, Ayiti - Vèsyon Korespondan nou Jn. Hernst Eliscar


Depi nan kòmansman jounen madi 20 novanm 2018 la, manifestan te pran lari nan vil Okay, nan sid Peyi d Ayiti, toujou nan kad mouvman PetroChallenge la, swa leve-kanpe popilè pou mande otorite yo rann kont sou fason divès gouvènman te depanse 3 milya 800 mil dola Peyi Venezuela te mete a la dispozisyon Ayiti sou fòm petwòl a bon mache.

Nan mouvman pwotestasyon madi a, kèk manifestan ki te sòti nan katye popilè Kwa Martyr te pran dispozisyon pou yo kase magazen, makèt avèk boutik sou Boulva 4 Chemen an, espesyalman New Star Market. Sepandan lapolis te prese pase alaksyon e piyaj la pa t rive fèt anndan okenn nan kote sa yo; men sa pa t anpeche manifestan yo ale ak tout sa ki te nan lakou New Star Market, tankou batri inverter. Pi lwen, nan Izin Vetiver la, kèk manifestan te rive dezame yon seri de gad sekirite ki te poste devan magazen an.

Youn nan moman grav sitiyasyon ki devlope pandan jounen an, se moman kote yon gwoup manifestan te pran direksyon kay ansyen majistra kominal Jean Gabriel Fortuné avèk move entensyon nan tèt yo; sepandan yon lòt gwoup te repouse yo menm anvan lapolis te rive sou plas. Youn nan gwoup sa yo t ap mande demisyon Prezidan Jovnèl Moyiz; lòt gwoup la pa dakò ak egzijans sa a. Se pa ti kout wout, kout boutèy ak lòt pwojektil ki pa tire nan okazyon an. Gen sous ki fè konnen sitiyasyon an te tèlman makawon, polisye ki te prezan te prese bay teren an blanch.

Peta Haiti. (Foto: Google Map)
Peta Haiti. (Foto: Google Map)

Jean Hernst Eliscar, ki pale avèk nou yon ti kras anvan 5:00PM nan jounen madi 20 novanm, di nou sitiyasyon an retounen sou kontwòl lapolis, menmsi gen barikad anpil kote nan lari yo. Li fini pa di nou diskisyon te pete ant manifestan yon menm gwoup; e gen youn ki blese.

XS
SM
MD
LG