Accessibility links

Breaking News

Pwotestayon Elèv Lise Toupatou Ozetazini pou Yo Mande Plis Kontwòl sou Zam-a-Fe


Elèv ki te rasanble pandan 17 minit andeyò Lekòl des Arts Stivers nan, nan vil Dayton, Eta Ohio, pou yo pwoteste kont vyolans ak zam-afe nan lekòl yo Ozetazini. (Foto: Mèkredi 14 mas 2018).
Elèv ki te rasanble pandan 17 minit andeyò Lekòl des Arts Stivers nan, nan vil Dayton, Eta Ohio, pou yo pwoteste kont vyolans ak zam-afe nan lekòl yo Ozetazini. (Foto: Mèkredi 14 mas 2018).

Ozetazini, plizyè santèn milye elèv atravè tout tèritwa nasyonal la -anpil nan yo tap lanse slogan << Abraham di "c'est assez">> - sòti kite sal-de-klas yo nan jounen mèkredi 14 mas 2018 la pou yo pwoteste kont sa yo konsidere kòm "mank aksyon Kongrè a" pou l poze pwoblèm vyolans ak zam-a-fe nan lekòl yo e chache rezoud pwoblèm sa yo.

Mouvman pwotestasyon sa a te kòmanse a 10 zè di maten, lè lokal chak Eta, nan apeprè 3 mil lekòl. Pi fò nan pwotestasyon sa yo te dire 17 minit -swa yon minit pou chak nan 17 moun ki te pèdi lavi yo anba bal yon jenn gason 19 van ki te ouvè kout-zam nan Lise Marjory Stoneman Douglas High School nan vil Parkland, nan pati sid Eta Florid, nan dat 14 fevriye 2018 la. Non atakan sa a se NIkolas Cruz.

Kèk nan elèv yo te pote tou pannkat ki te gen pawòl sa yo sou yo: "San nou sou Men ou", yon mesaj yo te itilize pou yo kondane NRA (National Rifle Association ou Asosyasyon Nasyonal Zam-a-Fe). Kèk lòt elèv te poze kesyon pou yo mande èske se yo ki pral viktim pwochen atak ak zam-a-fe ki va fèt nan yon lekòl Ozetazini e yo te fè laprès konnen yo bouke atò avèk sitiyasyon sa a.

Nan vil Washington DC, te gen pwotestasyon devan lokal Kongrè a kote manifestan yo te jwenn yon resspsyon nan men lidè minorite a nan Chanm Depite a, Nancy Pelosi; yo te rasanble tou devan La Mezon Blanch kote yo te vire do yo bay palè a pandan yo te rete an silans. PrezidanTrump pat anndan an.

Anpil pwofesè lekòl, manman ak papa elèv, plis dirijan lekòl yo te patisipe nan pwotestasyon sa a atravè tout peyi a. Sepandan kèk direktè ak direktris lekòl te bay elèv yo avètisman pou di yo ka mete yo deyò pwovizwaman si yo kite klas yo san otorizasyon.

7000 pè soulye: Youn pou chak timoun ki mouri nan atak vyolan ak zam-a-fe Ozetazini depi yon atak konsa te fèt nan Lekòl Sandy Hook school, nan Eta Connecticut. Avaaz, yon òganizasyon Dwa Sivik ki baze sou tèritwa ameriken an te fè depoze yo devan lokal Kongrè a nan Washington, madi 13 mas 2018 la.
7000 pè soulye: Youn pou chak timoun ki mouri nan atak vyolan ak zam-a-fe Ozetazini depi yon atak konsa te fèt nan Lekòl Sandy Hook school, nan Eta Connecticut. Avaaz, yon òganizasyon Dwa Sivik ki baze sou tèritwa ameriken an te fè depoze yo devan lokal Kongrè a nan Washington, madi 13 mas 2018 la.

Prezime atakan Lise Marjory Stoneman Douglass la, Nikolas Cruz, te prezante nan tribinal pandan yon ti bout tan nan jounen mèkredi 14 mas 2018 la pou l te tande yon fason ofisyèl ki akizasyon kap peze sou do li. Misye pat leve tèt li e li pat pale non plis pandan seyans la.

Jij la fè enskri nan non akize a yon deklarasyon kote Cruz plede non-koupab; li gen pou l reponn akizasyon deske li te koze lanmò premedite 17 moun. Avoka kap defann Nikolas Cruz la fè konnen misye ka plede koupab si lajistis dakò pou kondane li pou l pase 17 vi youn apre lòt nan prizon olye pou yo ba li yon kondanasyon a-mò.

XS
SM
MD
LG