Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Primè Dewoule Nan Divès Eta ak Vil Ozetazini


Ozetazini, nan eleksyon primè ki dewoule madi 15 septanm lan, yon militan konsèvatè ki gen apui yon mouvman ki rele Tea Party, ranpòte yon gwo kokenn viktwa nan Eta Delaware sou yon depite repibliken ki nan kongrè ameriken an depi lontan, pou l jwenn nominasyon pati a pou eleksyon novanm pwochen an.

Non kandida konsèvatè sa a se Christine O’Donnell; li kale Michael Castle ki te gen apui gwo kouran tradisyonèl pati repibliken an. Yo tou lè 2 t ap chache nomimasyon pou yo ale dèyè yon plas nan Sena a ki vid depi Joe Biden te monte nan plas vis-prezidan an. Byen ta yè swa Madam O’Donnell te remèsye patizan n yo pou apui solid yo te pote bay kanpay elektoral li a.

Madam O’DONNELL di: "Etazini n ap batay pou li a, se yon Etazini ki merite pou nou fè l rekanpe sou 2 pye l. Mwen vle remèsye espesyalman Patriyò̈t 11 septanm yo poutèt yo jete fondasyon yon gwoup pou defann prensip Eta Delaware, e mwen remèsye tout gwoup ki nan Mouvman Tea Party a nan Delaware."

Nan Washington,DC, kapital federal Lèzetazini, majistra sòtan an, Adrian Fenty, pèdi primè a devan yon lòt kandida demokrat ki rele Vincent Grey.

XS
SM
MD
LG