Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Prezidansyèl nan Timò Oryantal


Francisco Guterres
Francisco Guterres

Nan Timor Oryantal, Prezidan José Ramos-Horta aksepte lendi defèt li devan kandida opozisyon an, Francisco Guterres, nan eleksyon ki dewoule pou wè si Misye Ramos-Horta ta kapab jwenn yon 2è manda.

Nan moman responsab komisyon elektoral la fin konte plis pase 70 pou san vwa yo, rezilta yo montre misye Guterres (kandida prensipal pati opozisyon an, ki rele Pati Fretilin) genyen 28 pou san vòt yo ; aprè Misye Guterres nou jwenn ansyen kòmandan lame a, José Maria de Vasconcelos ki ranpòte 25 pousan vwa yo, tandiske prezidan sòtan an, yon ansyen Pri Nobèl Lapè, ranpòte 18 pou san.

Nan yon konferans pou laprès misye Ramos-Horta bay, li fè 2 rival li yo konpliman e li di li pare pou l kite pouvwa a. 2 premye kandida yo genyen pou yo patisipe nan yon 2èm tou nan mitan mwa davril la.

XS
SM
MD
LG