Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Mi-Manda ap Dewoule Ozetazini


Eleksyon Mi-Manda ap Dewoule Ozetazini
Eleksyon Mi-Manda ap Dewoule Ozetazini

Ozetazini, elektè yo ap vote nan eleksyon mi-manda k ap dewoule madi 2 novanm 2010 la. Dapre ekspè yo, repibliken yo ki nan minorite a kounye a, byen kapab reprann kontwòl omwen youn nan 2 chanm yo – an palan de chanm dè reprezantan an. Yon nouvo sondaj montre kan repibliken an genyen pi gwo anvans li depi plizyè dizèn lane anvan dewoulman yon eleksyon mi-manda.

Jounal USA Today-Gallup –ki reyalize sondaj la--- fè konnen 55% sou yon echantiyon mil 500 moun ki te reponn kesyon yo di yo pral vote pou kandida repibliken. Dènye fwa repibliken yo te genyen yon gwo avans konsa sou demokrat yo, se te an 1974 –swa depi plis pase 35 an.

Prezidan Barack Obama ak madanm ni, Michelle Obama, konprann anje ki poze nan eleksyon sa a; se konsa yo tou lè 2 te sòti nan jou ki pase yo pou yo ale nan divès Eta e ankouraje elektè yo mete kò yo deyò, al jete bilten yo paske, daprè espesyalis yo, si genyen yon gwo patisipasyon votan demokrat nan eleksyon an, gen chans pou yo ranpòte lavikwata nan Eta kote kous la sere ant 2 pati yo.

Byen souvan, misye Obama te fè patizan n yo sonje eleksyon ki te mete l sou pouvwa a nan ane 2008 la, kote se pa bann e pa pakèt sitwayen yo te ale nan biwo de vòt yo.

Prezidan Obama di: “Si tout moun ki te goumen pou chanjman an 2008 yo sòti al vote an 2010 la, nou menm Demokrat, n ap genyen eleksyon an. “

Nan Eta Kalifòni, nou jwenn elektris Karen Westland, ki fè anons pou l di li pral vote pou repibliken yo. E manmzèl pa kache di poukisa: "Sel chanjman ki fèt, se ti monnen lajan mwen genyen nan pòch mwen la a e ke yo rele an anglè “change”, chanjman. Kwè m si w vle; se sèl chanjman mwen jwenn nan men Obama."

Yon demokrat ki rele Victoria Jefferson, fè konnen, li menm, li panse Prezidan Obama ak administrasyon demokrat la reyalize anpil bagay nan mwens ke 2 zan ---pami reyalizasyon sa yo genyen refòm nan sistèm swen-sante a ak yon plan global pou relanse ekonomi an. Li di li apiye kandida demokrat yo: "O wi, definitivman. Mwen pare pou m apiye demokrat yo; m ap apiye yo nan eleksyon pou gouvènè, m ap apiye yo nan eleksyon pou plas nan kongrè a."

Divès Eta ameriken pèmèt elektè yo vote anvan jou eleksyon an; pami eta sa yo genyen Nevada ak Kalifòni. Tou lè 2 gwo pati yo (Pati Demokrat la ak Pati Repibliken an) anonse yo si e sèten patizan yo pral sòti an gran nonb pou yo patisipe nan eleksyon madi 2 novanm 2010 la.

XS
SM
MD
LG