Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Lejislatif nan Tiki : Gwo Viktwa pou Pati ki sou Pouvwa a


(AP Photo/Thanassis Stavrakis)
(AP Photo/Thanassis Stavrakis)

Nan Tiki, Premye Minis Recep Tayyip Erdogan pran angajman pou l lonje men bay opozisyon an aprè rezilta eleksyon lejislatif ki dewoule dimanch 12 jen 2011la bay pati l ap dirije a yon gwo viktwa.

Sou 550 syèj ki genyen nan palman an, pati ki sou pouvwa a (Pati Jistis ak Devlopman an) ranpòte 326 plas; prensipal pati opozisyon an, Pati Popilè a, jwenn 135, tandiske 3èm pati ki te patisipe nan kous la (Pati Aksyon Nasyonalis la) sòti avèk 53 syèj.

Sepandan pati misye Erdogan nan pa rive jwenn kantite syèj ki nesesè (swa 2 tyè manm palman an) pou l chanje konstitisyon tik la. Daprè Premye Minis la, rezilta eleksyon an montre se nan konpwomi pou pati politik yo rive pote amandman ki nesesè nan manman lwa peyi a.

Chèf gouvènman tik la te pwomèt pou l amande kontitisyon ki te ekri an 1982 a nan yon epòk kote peyi a te anba yon rejim militè.

Moun pa konnen egzattemen ki chanjman misye Erdogan vle pote nan chat nasyonal la. Sepandan, advèsè politik li yo fè konnen yo gen enpresyon misye ap vin pi otoritè e mwen toleran ak opozisyon an.

Se konsa, daprè yo, l ap eseye mennen Tiki nan yon direksyon k ap elimine sistèm layik peyi a pou l adopte yon stil gouvènman ki plis islamik. Yon lòt kote, moun ki apiye Premye Minis la deklare yon amandman kostitisyonèl ta vin garanti dwa minorite yo, san bliye segman polilasyon an ki sòti nan ras kird la.

XS
SM
MD
LG