Accessibility links

Breaking News

ElBaradei Pote Kole ak Manifestan ann Egipt Kont Prezidan Moubarak


ElBaradei Pote Kole ak Manifestan ann Egipt Kont Prezidan Moubarak
ElBaradei Pote Kole ak Manifestan ann Egipt Kont Prezidan Moubarak

Nan Ejipt, nouvèl yo fè konnen Mohamed ElBaradei, moun konnen kòm yon nèg k ap mande refòm, genyen pou retounen nan peyi a nan moman òganizasyonyon mouvman anti-gouvènmantal gen plan pou yo mete sou pye yon nouvo seri manifestasyon nan kapital la, vil Lekèr.

Mesye ElBaradei ki se ansyen direketè Ajans Nasyonzini pou Enèji Nikleyè a (AEEA) gen pou l retounen ann Ejipt jedi 27 janvye 2011 la pou l pote-kole ak manifestan yo k ap pwoteste kont rejim Prezidan Hosni Moubarak la, ki nan tèt peyi a depi 30 tan.

Manifestan yo sèvi ak medya sosyal yo, tankou Facebook ak Youtube, pou yo lanse apèl e mande pou yon gwo kokenn manifestayon anti-gouvènmantal dewoule vandredi 28 janvye 2011 la nan kapital la, Lekèr.

XS
SM
MD
LG