Accessibility links

Breaking News

Ekwatè: Lame Sove Prezidan Rafael Correa Ki Te Anba Men Polisye Rebèl


Ekwatè: Lame Sove Prezidan Rafael Correa Ki Te Anba Men Polisye Rebèl
Ekwatè: Lame Sove Prezidan Rafael Correa Ki Te Anba Men Polisye Rebèl

Nan peyi Ekwatè, twoup militè antre daso nan yon lopital nan kapital la, Quito, pou yo t al sove prezidan peyi a, Rafael Correa, ki te otaj anba men yon gwoup polisye rebèl ki t ap pwoteste kont dispozisyon mare-senti gouvènman adopte sou plan ekonomik la. Manm Lame a rive sòti lopital la ak prezidan an, aprè yon maryaj kout zam ak polisye yo.

Batay sa a ant twoup ki rete fidèl ak prezidan an e polisye rebèl yo te dire 35 minit. Nouvèl yo rapòte omwen yon manm lame blese nan operasyon sovtaj sa a. Apre sa, prezidan konteste a te pran lapawòl devan yon foul patizan pandan li te parèt sou balkon palè nasyonal la. Li remèsye yo pou apui yo e li fè konnen li rete kwè sa k rive yè a se yon tantativ kou deta – e non pa yon senp mouvman pwotestasyon.

Pi bonè nan jounen jedi 30 septanm 2010 la misye Correa te entène lopital aprè li te resevwa kèk bouskilad e li te respire gaz lakrimojèn pandan li t ap eseye pale ak polisye rebèl yo devan katye- eneral lapolis la nan Quito. Polisye yo fache daprèzavwa gouvènman an koupe sou bidjè nasyonal la, e sa vin elimine yon seri de bonis ak kèk posiblite pwomosyon.

Prezidan an defann desizyon an, paske, daprè li, koupi sa yo nan bidjè a nesesè e se pa lapolis sèlman ki afekte, men se tout gouvènman an. Polisye ki t ap boule kawoutyou te bloke gwo wout nasyonal yo, e pandan yon ti tan ayewopò etènasyonal kapital la ak vil Guayaquil te fèmen, paske anplwaye yo tap fè grèv. Depi midi lekòl yo te ravwaye elèv ak etidyan, e tout klas anile pou vavdredi 1er oktòb 2010 la.

Dènye nouvèl ki soti sou dosye sa a nan Ekwatè fè konnen : gouvènman an anonse peyi a rete anba yon eta de syèj kote se lame ki responsab sekirite a. Chèf polis nasyonal la, Freddy Martinez, bay demisyon n menm jou vandredi 1er oktòb poutèt li pat rive boke mouvman rebelyon an. Se lame kounyela a ki responsab lòd piblik nan moman gouvènman an sispann egzèsis libète sivil yo. Pandansetan, yon gwoup llidè sid-ameriken prese fè yon rankont dujans nan Ajantinn kote yo pran angajman pou yo apiye prezidan Correa; an menm tan tou, yo kondane vyolans la ak sa yo konsidere kòm yon tantativ kou-deta.

Rafael Correa te monte sou pouvwa a an 2007. Misye se yon bon alye prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez, e li pa konn mete dlo nan bouch li pou l kritike politik Lèzetazini vizavi rejyon Amerik Latin nan. Istorikman, Ekwatè se yon egzanp stabilite politik.

XS
SM
MD
LG