Accessibility links

Breaking News

Ekwatè-Politik: Prezidan Moreno ak Lidè Endijèn yo Siyen yon Akò pou Mete Fen nan Kriz la


Kriz Politik nan Peyi Ekwatè. - Pannkat la di:
"FMI, deyò! Lenin se yon asasen..."
Kriz Politik nan Peyi Ekwatè. - Pannkat la di: "FMI, deyò! Lenin se yon asasen..."

Nan Kito, kapital Peyi Ekwatè, pèp souvren pran lari dimanch 12 oktòb 2019 la pou selebre desizyon Prezidan Lenin Moreno pran pou l anile mezi osterite li te anonse yo e ki te pwovoke 2 semèn vyolans atravè peyi a.

Dapre yon akò prezidan an siyen byen ta nan jounen an, li pral elimine yon pwogram ekonomik ki te jwenn apui Fon Monetè Entènasyonal (FMI) e ki rele Dekrè 883; se yon pwogram ki t ap mete fen nan sibvansyon gaz leta t ap bay plantè yo, sitou popilasyon endijèn nan.

Lidè endijèn yo, bò kote pa yo, pral lanse apèl bay patizan yo pou mande yo mete fen nan mouvman pwotestasyon an ak barikad ki sou wout yo.

Prezidan ekwatoryen an, Lenín Moreno.
Prezidan ekwatoryen an, Lenín Moreno.

Prezidan Moreno fè deklarasyon sa a:

<< Yon akò pa vle di yon pati ranpòte yon viktwa total. Yon akò vle di ou fè konsesyon, ou sede yon bagay. Se pou sa mwen di pa tèlman gen twòp bagay pou m ajoute. Mwen twouve se yon gwo zafè le fèt ke mo nou plis itilize nan negosyasyon yo se mo “lapè” a. >>

Pèsonalite ki pale pou kote endijèn nan, se Madam Rosa Matango. Men kijan ajans nouvèl Reuters rapòte deklarasyon li fè yo:

“Mwen santi m kontan… M tèlman kontan, m pa konn kisa m pou m di. Mwen pa gen mo pou m di anyen tèlman emosyon anvayi m. Omwen, se Bondye ki touche kè Prezidan an. Mwen kontan antan ke yon manman pitit; mwen kontan pou lavni... Nou menm, pèp endijèn, nou te batay anpil! Se pa ni youn, ni 2 frè nou pa pèdi! Men nou pral kontinye avanse.”

Gouvènman an pral travay kounyela avèk pati konsène yo pou yo prepare yon nouvo pwogram ki gen ou koupe sou depans Leta yo, ogmante revni yo epi redui defisi bibjetè a avèk det piblik peyi a. Mouvman pwotestasyon yo te paralize ekonomi peyi a e yo te koze lanmò 7 moun.

XS
SM
MD
LG