Accessibility links

Breaking News

Plizyè Santèn Moun Asiste Seremoni Ekspozisyon Kadav Nwa-Ameriken George Floyd, Yon Viktim Britalite Polis


Manm yon fanmi ki t ap obsève yon poz devan sèkèy George Floyd pandan seremoni ekspoziisyoyn kadav la nan vil Houston, Eta Tegzas.
Manm yon fanmi ki t ap obsève yon poz devan sèkèy George Floyd pandan seremoni ekspoziisyoyn kadav la nan vil Houston, Eta Tegzas.

Moun ki an dèy e ki senpatize avèk lanmò siwayen nwa ameriken George Floyd, reyini nan vil Houston, Eta Tegzas, Ozetazini, pou yo defile devan sekèy defen an. Misye Floyd te pèdi lavi li anba men yon polisye blan, Dereck Chauvin, ki te kloure l atè epi peze jenou li sou kou misye pandan preske 9 minit jiskaske li te fin pa rann dènye soupi li. Lanmò sa a pwovoke yon seri de mouvman pwotestasyon kont britalite lapolis nan divès vil atravè peyi a e nan lòt rejyon nan lemond.

Plizyè santèn moun, ki abiye ak rad sonb, mete yo an liyn devan Legliz Fontèn Adorasyon, nan vil natal Misye Floyd, Houston, nan apremidi jounen lendi 8 jen an pou yo te jete yon koudèy sou sekèy la pou yon dènye fwa. Yon fwa responsab legliz la te fin fè ouvè pòt yo, moun yo obsève yon poz tou kout devan sekèy la ki t e dekore an koulè dore, pou yo te prezante respè yo.

Pandansetan, andeyò legliz la, òganizatè yo te rasanble yon gwo aranjman flè ki te gen flè woz ladan l e tablo atistik sa a te fèt avèk lè t sa yo: ‘B’, ‘L’, ‘M’, abreje pou “Black Lives Matter”, ki vle di an anglè “Lavi Moun Nwa gen Enpotans”. Seremoni antèman an pral dewoule madi 9 jen an e se jou sa tou yo pral antere George Floyd nan Simityè Houston Memorial Gardens, nan vil Houston.

Yon pwòch kolaboratè ansyen Vis Prezidan Joe Biden -ki se kandida Pati Demokrat la nan eleksyon prezidansyèl ki fikse pou novanm 2020 an- yon asistan politik Misye Biden di li pral vwayaje nan vil Houston pou l rankontre ak lafanmi Floyd epi yon mesaj video li pral pase pandan seremoni antèman an.

Bò kote pa li, Prezidan Donald Trump pase lòd, nan jounen dimanch 7 jen an, pou manm Gad Nasyonal la kite kapital la, Washingtonn D.C., kote yo te vin pran pozisyon nan lari yo pou ede lapolis retabli lòd nan vil la. Menm mouvman retrè sa a ap fèt tou nan divès lòt vil kote manifestasyon te dewoule pandan 2 zou 3 jou ki pase yo; pafwa manifestan yo te tonbe nan lese-frape avèk otorite yo.

Byen souvan Prezidan Trump pale pou l fè konnen li apiye sa li rele “rèyn lalwa avèk lòd” epi, nan yon nòt li pibliye dimanch sou kont Twitter li, li kritike “tout sila yo ki ta renmen wè badj tout polisye chire e elimine totalman. Mwen vle yon kò polis ki gran e ki byen peye. Mwen vle wè lalwa avèk lòd ap domine. ”

XS
SM
MD
LG