Accessibility links

Breaking News

Ekspozisyon Penti Timoun "Plas Timoun" nan Smithsonian


Jedi 17 jen an, isit Washington, DC, se te inogirasyon yon ekspozisyon penti trè espesyal, paske li prezante tablo timoun ayisyen ki montre jan yo te viv tranblemandtè 12 janvye pase a. Nan okazyon an, Premyè Dam peyi Dayiti a, Madam Elizabeth Préval --fondatris sant atistik e kiltirèl Plas Timoun — ki lanse inisyativ la — te rankontre laprès jedi maten nan lokal Enstitisyon Smithsonian nan, pi egzakteman nan Mizé Nasyonal Ar Afriken an kote ekspozisyon an ap fèt la. Tèm ekspozisyon an se "The Healing Power of Art", an kreyòl: "Pouvwa Ar genyen pou l geri". Madam Elizabeth Préval te gen avèk li anbasadè ayisyen an nan Washigton, Raymond Joseph ak atis-pent, pwofesè Ar Philipp Dodard ki se direktè atistik Plas Timoun.

Ekspozisyon an te louvri pita nan jounen an e l ap kontinye pou yon mwa.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Premyè Dam Elizabeth Préval, Ambasadè Raymond Joseph ak direktè atistik Philipp Dodard bay Lavwadlamerik. Nou ka koute tou, nan dezyèm ralonj la, temwayaj vizitè ki te fè deplasman pou asiste ekspozisyon an.

XS
SM
MD
LG