Trèv moun te obsève sou sèn politik ayisyen an anvan Fèt Nwèl la –kote lespri tout moun te sispann branche sou afè politik, eleksyon ak pwotestasyon piblik- ebyen, poz sa a byen kapab pran fen lendi 27 desanm 2010 la, dat kote yon ekip espesyalis OEA (Òganizasyon Eta Ameriken) sipoze kòmanse bay Konsèy Elektoral Pwovizwa a asistans li pou yon re-verifikasyon rezilta eleksyon 28 novanm nan.
Peyi a te tonbe nan vyolans nan dat 8 desanm pase a, yon jou apre KEP a te elimine Michel Martelly (kandida Repons Peyizan) ki pa ta ka patisipe nan 2èm tou a, kote kandida ki ranpòte premye plas la, Mirlande Manigat (RDNP), t ap genyen pou fè fas ak kandida pati ofisyèl la, Jude Célestin (Pati INITE). Semèn pase a, sou demand OEA, Prezidan René Préval te lanse apèl bay KEP pou mande l ranvwaye piblikasyon rezilta final yo.