Accessibility links

Breaking News

3 Ekonomis Ozetazuni Ranpote Pri Nobel Eknomi a


Foto Achiv: meday lo Pri Nobel la.
Foto Achiv: meday lo Pri Nobel la.

Yon eknomis k ap travay Ozetazuni ranpote pri Nobel Ekonomi a pou rechech li, ki montre yon ogmantasyon nan sale minimom nan pa lakoz konpayi yo anplwaye mwens moun. Rechech li jwenn tou prezans imigran yo sou mache a pa redui sale anplwaye natif natal ameriken yo. Depi lontan moun Ozetazuni te kwe nan 2 ide sa yo.

Gen 2 lot ekononomis k ap travay Ozetazuni ki pataje pri a lendi pou travay yo fe pou jwenn yon mwayen pou etidye kalite kestyon sosyal sa yo.

Loreya yo se: David Card k ap travay nan Inivesite Kalifoni, Berkeley, Joshua Angrist k ap travay nan Enstitu Teknoloji Massachusetts la (MIT) epi Guido Imbens k ap travay nan Inivesite Stanford.

Akademi Wayal Suedwaz Pou Syans deklare 3 pesonaj sa yo "konpletman refe travay anpirik k ap fet nan domen syans ekonomik la."

Enfomasyon nan repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG