Accessibility links

Breaking News

Ekonomi Mondyal La: Gwo Tèm Nan Somè G-8 Ak G-20 Ane Sa a


Plizyè dirijan mondyal —pi presizeman lidè pi gwo peyi endistriyalize yo ap reyini pou 2 somè nan vil Toronto, o Kanada. Depi jedi, prezidan ak premye minis kòmanse rive nan vil la pou Somè G-8 la ak somè G-20 an. Pami dirijan sa yo genyen prezidan Larisi a, Dmitri Medvedev, premye minis japonè a, Naoto Kan, ak premye minis britanik la, David Cameron.

Nan yon atik jounal kanadyen The Globe and Mail fè parèt nan okazyon an, li pibliye opinyon chèf gouvènman britanik la ki ta di kòmkwa somè sa yo fèt pou reprezante yon opòtinite pou lidè yo fè plis ke “gwo pawol anpil” e chache fè pwogrè nan domèn kle yo, tankou ekonomi mondyal la. Prezidan ameriken an, Barack Obama, rive Kanada vandredi 25 jen an, pou l fè chita tande ak lòt lidè gwoup G-8 la nan yon banlye ki rele Muskoka, o nò Toronto.

Otorite kanadyen yo fè konnen, pandan 2 ou 3 jou ki pase yo, lapolis arete 3 moun ki ta menase pou yo koze vyolans nan okazyon somè Toronto yo. Youn nan prevni sa yo genyen 53 zan. Lapolis mete men sou misye aprè yo te kanpe machin ni pou enspeksyon, paske li te genyen sou tèt li yon gwo bwat an metal ki, daprè otorite yo, te fè l reprezante yon danje piblik. Pòtpawol lapolis Toronto a, Nena Snyder, fè konnen sa otorite yo te vin dekouvri anndan machin nan ba yo rezon pou yo genyen kè sote. 2 lot nèg tonbe anba men lapolis tou sou akizasyon deske yo te chache posede eksplozif avèk entansyon pou yo atake somè yo. Pòtpawòl Snyder idantifye youn nan 2 mesye sa yo kòm Byron Sonne; lapolis mete men tou sou fiyanse misye ki rele Kirstin Peterson: "Kòm rezilta yon ankèt k ap kontinye, Kirstin Peterson, moun Toronto, tonbe anba men lapolis sou akizasyon deske li te posede ekspozif, li te posede zam avèk entansyon pou l reyalize yon plan danjere."

Otorite kanadyen yo di vijilans sa a, ankèt yo ak arestasyon yo fè pati yon efò pou garanti sekirite lidè kap reyini nan Toronto pou Somè G-8 la ki tanmen vandredi 25 jen an ak Somè G-20 an k ap demare samdi.

XS
SM
MD
LG