Accessibility links

Breaking News

Ejipt: Mizilman Sufi yo Detèmine pou Selebre Anivèsè Muhommad Apre Masak nan Sinayi a


 Moun ki kanpe nan deyò moske Al Rawdah la kote yon bonm te eksploze nan Bir Al-Abed, Ejipt 25 novanm 2017.
Moun ki kanpe nan deyò moske Al Rawdah la kote yon bonm te eksploze nan Bir Al-Abed, Ejipt 25 novanm 2017.

Nan Peyi Ejipt, mizilman Sufi yo fè konnen yo pare pou yo selebre anivèsè nesans pwofèt Muhommad malgre peyi a sòt sibi yon gwo masak nan rejyon Sinai a kote 305 fidèl mizilman pou pi piti mouri ak anviwon 128 lòt blese nan yon atak teworis. Jiskaprezan, okenn gwoup poko pran responsabilite pou atak mòtèl vandredi 24 novanm 2017 la.

Ejipsyen yo kwè atak teworis sa yo sanble ta sible moske Al-Rawdan an paske se kote mizilman Sufi yo fè sèvis relijye yo. Gwoup etnik Sufi a fè pati yon mouvman mistik andedan relijyon Islam nan e moun konsidere yo kòm eretik (sètadi fidèl ki mal entèprete doktrin islamik la) e yo se militan islamik.

Group la di li pral make anivèsè nesans pwofèt Mahomè vandredi premye desanm kap vini la a toupatou sou teritwa ejipsyen an e, an menm tan tou, nan moske Al-Hussain nan ki nan kapital peyi a, Lekèr.

XS
SM
MD
LG