Accessibility links

Breaking News

Ejipt: Lajan Lidè Ansyen rejim nan


Ejipt: Lajan Lidè Ansyen rejim nan
Ejipt: Lajan Lidè Ansyen rejim nan

Depatman Trezò Lèzetazini an fè konnen li pase bank ameriken yo lòd pou yo siveye de prè tout tranzaksyon manm gouvènman ansyen prezidan ejipsyen Hosni Mubarak ap chache fè.

Daprè depatman trezò a, bank yo fèt pou chache detekte tout aktivite finansye ki ta konsènen lajan leta ejipsyen an ansyen ofisyèl sa yo ta fè nan move kondisyon, oubyen kòb yo ta va ap chache detounen.

Lidè opozisyon yo ann Ejip akize manm ansyen gouvènman Mubarak la dèske yo te voye plizyè milyon dola al mete nan bank a letranje, e yo egzije pou lajan sa a retounen nan peyi a.

XS
SM
MD
LG