Gwo efò ap fèt pou vaksine moun nan 4 peyi kote maladi polyo kontinye genyen move konsekans sou lavi pèp la. Si efò sa yo debouche sou siksè, maladi polyo a ap elimine nèt atravè lemond antye.
Polyo pa reprezante yon tèlman gwo sous kè-sote pou responsab lasante yo nan emisfè oksidantal la gras a yon gwo seri kanpay vaksinasyon ki te kòmanse nan ane 50 yo. Men, timoun ki nan peyi ki sou wout devlopman yo te anba risk pou yo trape maladi a jous dényèman la a toujou ; devan sitiyasyon sa a yon klib entènasyonal te pran desizyon pou l fè tout sa k posib pou l elimine maladi a totalman.
Se nan yon lokalite yo rele Nambour, nan peyi Ostrali, lit kont polyo sa a te kòmanse. Dapre visyon yon nèg te fè, si 2 gout nan yon medikaman kont polyo te ka anpeche timoun trape maladi a, donk eliminasyon total maladi a se pa yon pwojè enposib. Kounya, swa 20 tan pi ta, chèchè yo prevwa nan 3 zan rèv sa a kapab tounen yon reyalite.
Rotary Club International te pwomèt nan epòk la 120 milyon dola pou l soutni lit kont polyo a dekwa pou l te ede peye pou rechèch ki tap fèt pou jwenn vaksen pou pwoteje timoun kont maladi a. Depi lè a, don total la gen tan monte rive 900 milyon dola kom patisipasyon klib la nan efò k ap fèt pou mete yon fen nan maladi a.
Jounen jodi a, Rotary Club International fòme yon asosyasyon ak OMS (Òganizasyn Mondayallasante), UNICEF, Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) ak Fondasyon Bill ak Melinda Gates, pou ranfòse efò kisppye pou dechouke polyo nèt-nèt sou Planèt Tè a.
Kanpay sa a vize sitou Pakistan, Afganistan, lend ak Nijerya, 4 peyi kote maladi a toujou egziste.