Accessibility links

Breaking News

Edmon Mulet: Kominote Entènasyonal la Pa Anfavè Depa Prezidan Préval


Edmon Mulet: Kominote Entènasyonal la Pa Anfavè Depa Prezidan Préval
Edmon Mulet: Kominote Entènasyonal la Pa Anfavè Depa Prezidan Préval

Chèf Misyon Stabilizasyon Nasyonzini an fè remake sekretè jeneral l'Onu an, Ban Ki-moon, nan dènye rapò li sou sitiyasyon an ann Ayiti, di enstabilite se youn nan faktè enpòtan ki responsab echèk efò devlopman yo nan peyi karibeyen an

Misyon Stabilizasyon L’ONU ann Ayiti, Minustah, renouvle angajman li, yon lòt fwa ankò, pou l ede gouvènman ayisyen an òganize eleksyon nan fen mwad novanm 2010 la. Chèf sivil Minustah a, Edmond Mulet, di li pa dakò ak mounn kap mande pou prezidan René Préval kite pouvwa a. Jedi 27 me a opozisyon an òganize ankò yon lòt jounen pwotestasyon pou mande prezidan Préval bay demisyon li. Anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la, Jacquelin Bélizaire, di malgre manifestasyon an te rasanble plis moun pase mach lendi a, pat gen anpil moun ki reponn apèl pati politik kap reklame demisyon chèf l'Eta a, apèn kèlke 300 ou 400 moun. Nan deklarasyon li fè jedi 27 me a nan Pòtoprens, reprezantan l'Onu Edmond Mulet envite lidè politik ayisyen yo kreye yon anviwonnman ki va favorab pou eleksyon yo dewoule—bagay li di ki esansyèl pou devlopman peyi a.

Korespondan nou nan kapital aysiyèn nan, Rotchild François jr., te prezan nan rankont Misyon Stabilizasyon an òganize chak fen semèn ak jounalis ayisyen yo. Ale sou ralonj ki anwo e adwat atik sa a pou nou koute korespondans li a.

XS
SM
MD
LG