Accessibility links

Breaking News

Echèk Yon Rankont 2 Kore Yo Sou Kesyon Militè


Kore di Sid fè konnen premye negosyasyon sou kesyon militè li fè ak Kore di Nò nan preske 2 lane pran fen san yo pa reyalize okenn pwogrè.

Ofisye militè ki fè pati lame Kore Demokratik la ak Kore Kominis la rankontre jedi 30 septanm 2010 la nan vilaj Panmunjom, ki nan zòn demilitarize ki divize Preskil Kore a an 2.

Ministè Defans sid koreyen an fè konnen delegasyon n nan mande kòlèg nò koreyen yo prezante ekskiz poutèt yo te koule yon bato-de-gè sid koreyen. 46 maren te mouri nan atak sa a ki te dewoule nan mwa mas pase a.

XS
SM
MD
LG